Gid pou ou fe sikse nan TLC pa Rejyonal nou Vanessa A.

16 Pages • 2,360 Words • PDF • 3.9 MB
Uploaded at 2021-09-24 15:55

This document was submitted by our user and they confirm that they have the consent to share it. Assuming that you are writer or own the copyright of this document, report to us by using this DMCA report button.


GID POUW FE SIKSE NAN TLC

VANESSA JN BAPTISTE A. DIREKTRIS REJYONAL TLC @VANESSAJNB

SOU KISA MWEN DWE FOKIS

Nan TLC ou genyen pou ou fe yon sel bagay ki pral li menm mennen ou sou chimen sikse ki se PWOMOSYON. Ou gen pouw fe anpil pwomosyon ak 2 objektif sa yo: 1) Vann pwodui sou website ou an 2) Envite lot moun nan team ou an

01

ON TI RAPEL SOU PLAN KONPANSASYON AN

Sonje ke TLC gen plan konpansasyon ki pi agresif sou mache an ki pral kondui ou nan chimen LIBETE FINANSYE OU AN. OU FE KOB chak fwa ou vann 1 pwodui sou website ou an ki se 20$ pou chak grenn pwodui etwal OU FE KOB chak fwa yon moun enskri nan team ou an soti 20$ rive jiska 500$ depann pake moun nan lanse biznis li an. Ou FE KOB le ou aktive bine an ak 2 premye moun ki antre nan team ou an (ou dwe mete yo nan premye 24h a 48h) OU FE KOB lew direkte ou ouve BONIS IGWALASYON ki se 50% sou 1r nivow, 10% sou 2e nivow ak 12% bine an OU FE KOB le ou se on direkte nasyonal ki egal a 1500$ ki se yon kado konpayi a baw chak mwa depiw aktif nan ran an 02

KIBO WAP JWENN NOUVO SOSYO

Nouvo sosyo ou yo ke ou pral mete nan team ou an pa lot ke fanmi ou, zanmi travay ou, lekol ou,legliz ou, ak moun ke ou pa konnen sou rezo sosyo yo kom kwa Facebook, Instagram, Tiktok elatriye...

03

GENYEN YON OBJEKTIF KLE Li enpotan pou ou kapab genyen yon objektif ki fe ou lanse pwop biznis ou an. Li kapab pa egzant paske ou ap viv nan on bout chanm kay anfeme, paske ou vle ede manmanw Haiti, o ou vle on demen miyo pou pitit ou yo

EDIKE OU Premye semen ou nan biznis la ou dwe chita pou ou fome ou sou biznis lan e aprann tout saw kapab sou li tankou Kile TLC fonde, ki pwodui nou genyen e pouki yo bon, ki jan map ka fe kob, kijan yap peyem, paj biznis la, kijan poum fe on enskripsyon etc..

KONSTANS Konstans se kle nan biznis sa. Si ou pa fe pwomosyon CHAK JOU BONDYE METE ou pap ka fe sikse. Pale ak moun nan kontak ou, poste sou statiw, sou rezo yo, RELE NAN TELEFON, pran randeou, femen deal, live Facebook elatriye CHAK JOU 04

KISA OU NESESITE POU OU FE SIKSE NAN BIZNIS LAN

OGANIZE OU Kounya ou finn lanse biznis ou an, ou se yon lide, yon antreprene e sa mande pou ou oganize ou. Ou dwe genyen yon agenda biznis o yon kaye pouw ekri tout sa ou gen pou ou fe chak jou. Ou dwe

KISA OU NESESITE POU

konnen kisa ou manke pou ou atenn tel objektif ekril epi reyalizel

OU FE SIKSE NAN

PWODUI PWODUI AN

BIZNIS LAN

Li enpotan anpil pou ou konsome pwodui yo epi genyen yon temwanyaj de yo pou ou kapab pi sur de sa ou pral pale ak moun yo le ou ap fe pwospeksyon.

MANTALITE POZITIF Anplis yon mantalite pozitif chak jou se pi bon zam ou. gen jou gri e jou woz nan tout bagay kontinye aprann plis pouw ka vinn genyen eksperyans pandan wap rete pozitif. 05

6 BAGAY OU DWE FE CHAK JOU

PWOSPEKSYON Fe on lis 30 moun pou pi piti pou ou rele epi pale de biznis lan ak pwodui yo chak jou Bondye mete pou ou kapab toujou gen nouvo moun.

KONEKTE AK SISTEM NAN Pase sou gwoup yo, sou paj 1000fanmi an o nan nenpot prezantasyon biznis fomasyon ki genyen 06

EDIKEW

PIBLIYE

Li kek paj nan on liv biznis o tande kek live motivasyon oubyen kek video sou marketing sou Youtube etc..

Pibliye chak jou 1 foto temwanyaj o pwodui o de ou sou facebook e anplis 6 a 8 foto nan statu fb, Ig de byenvini, nouvo rang, pwodui etc..

FE SUIVI

FEMEN DEAL

Fe suivi ak ansyen moun ou te pale deja yo pouw we si yo pre kounya, ansyen kliyan pouw we koman yo ye ak pwodui an,

Aplike sa ou aprann nouvo, esye pouw ta femen menm youn ou 2 deal kanmenm anvan jounen an fini.

EGZANP TEKS POU OU FE PWOSPEKSYON

EGZANP POU MESSENGER

Hello Hello queen! Mwen se (Vanessa), IBO nan TLC. Mwen espere ou anfom. Anpil moun ap chache on bagay pou yo fe kob nan moman an lakay yo ak telefon yo. Si ou enterese lanse pwop biznis ONLINE ou jodia menm, mwen genyen yon opotinite pou ou.. Mwen gen eksperyans e Mwen ka ede ou e montre ou pa a pa koman pouw fe biznis e vann pwodui TLC yo e fé kob ak telefon ou. Soti 200$ pou rive $2000 ou plis pa semen depann janw promote. Si ou selman bezwen pwodui pouw kase vant, pedi pwa, retire tach , mak pitit, fè cheve pouse etc.. fem siy ma cherie. 07

EGZANP POU MESSENGER 2 AK POU ENFLIYANSE EPI ATIS YO.

Bonjou Bonjou !! Kòman ou ye? Ou fè piblisite peye? Se pou kek pwodui ameriken ki vreman efikas e 100% natirèl pou pedi pwa, fè cheve pouse etc... epi ou fè 50% lajan sou volim pwodui ki vann ki se $20 par pwodui. Se pwodui ki vann poutèt yo ki vreman bon . Map ede ou fe on shop online e sou chak pwodui ou fè kob e gen posiblite pou ou gen team ou e pran pwomosyon. Fèm siy si ou vle konn plis poum ede ou mete sit ou an sou pye kounya menm poun komanse. Ou ka vann nan 150 peyi. Shipping pa sou kont ou. Selman piblisite.Se pa pouw anbasadè men pito pou ou on leader e gen pwop biznis paw.

BAY MOUN NAN ON 2 0 3 LIKE, FEL ON TI KONPLIMAN ,VOYE DEMAND ZANMI BA LI, SALYE ETC..

EGZANP POU MOUN OU KONNEN

Bonjou Bonjou !! Kòman ou ye? Sa fe kek jou nou pa pale, men pitit mwen jwenn on opotinite biznis la epi mwen lanse mwen ladan li. Mwen we anpil ki nan team nan ki ap fe anpil sikse epi nan panse kiyes mwen te ka pataje opotinite an ak li, lidem frape sou ou. Se on konpayi ameriken ki gen pase 20 lane, yo pemet ou vann vann pwodui nan pase 150 peyi epi ou menm pou ou fe bon ti kob ou sou chak saw vann, konsa tou ou ka pale lot moun de li epi ou ede yo lanse biznis pa yo tou epi yo gon lot kob yo ba ou. Fem konnen si sa enteresew pouw fe on ti kob anplis ak telefon ou pou mwen ka ba ou yon call kounya poum ba ou plis detay.

POU STATI WHATSAPP Mwen bezwen selman 5 moun la poum montre yo kijan yo ka fe lajan ak telefon yo kounya menm

POSTE FB AK WHATSAPP Si ou gen telefon ak entenet e ou ta renmen aprann komanw ka fe lajan ak facebook la komante Wi, mvle konnen 08

FB AK WHATSAPP Si ou pa gen shop online kounya ou pa nan anyenk bon. Tape Yes poum ede ou mete youn sou pye kounya menm. Selman 5 premye moun yo map pran

PWODUI Ekrim kounya pou ou pran te pouw kase vant ou, pedi pwa a epi GRATIS map montrew koman pou ou pedi vant lan rapid

PWODUI Mezanmi gad on Iaso tea sa. Gwo vant pa alamod. Achte te paw la pouw komanse kase vant ou kounya menm. Mrete selman 2.

PWODUI Meye fason pou ou pedi pwa nan moman an la se ak Iaso te. Rezilta garanti. mpa ret anpil mandem paw la kounya.

ENPOTAN ANPIL: Toujou mete nimewo telefon ou ak link ou an nan tout pos ou .

FEMEN DEAL YO POUW KA KOMANSE FE LAJAN

PALE AK MOUN NAN SE YOUN FEMEN DEAL LA SE 2 Mwen vlew konnen femen on deal se yon abilite sa vle di se yon teknik ou dwe aprann. Le ou finn abode moun nan epi ou voye audio nou genyen nan 1000fanmi an ba li tande, ou tann on ti tan epi ou ekril epi ou mandel (Ou dwe mandel egzakteman sam pral diw la) Kisa ou te pi renmen nan sa ou sot tande la? Dapre sal diw si li diw li vle enskri tou swit ou tou voye link pou li epiw enskril men sil diw nenpot lot bagay ou pozel 2e kesyon sa: Konbyen kob pa semen pou ti biznis sa ta ba ou la pouw ta we li enteresan pouw komanse ak li kounya? Konbyen? (epi ou tann repons lan) 3e kesyon Konbyen tan ou we ou tap ka bay biznis lan pouw ta ka rive fe ....(menm kob li te diw la) pa semen? (epi ou tann repons la) Denye kesyon Si mwen ta diw ke map pran sanm pou mwen montrew koman pou ou fe ...$(kob li te di anle an) ak telefon ou pa semen nan ...(konbyen tan li te dil ka travay pa semen nan) ou diw ka bay biznis la depiw ou metew sou sa pandan on ti kras tan eskew panse li vo lapen pou ou ta degajew kounya la menm pouw lanse pwop biznis ou an? (Lap diw wi a 90% epi ou voye link ou an ba li epi edel enskri nan ka li ta diw no chache konnen dout yo, reponn yo epi pouw edel enskri

09

KIJAN POUM FEMEN ON DEAL?

PALE AK MOUN NAN SE YOUN FEMEN DEAL LA SE 2 Youn nan fason pouw femen yon deal ki vreman efikas ke pesonelmna mwen itilize anpil se CIERRE PA OPSYON KIsal ye ? femen deal pa opsyon an pemet ke moun ki anfas ou an konprann li gen kontwol sitiyasyon an pandan ke se pa vre se ou ki ap mennenl EGZANP 1 Ah, madame Vanessa mwen renmen sam sot tande an anpil men mpoko gen kob. Baw. Cierre pa opsyon: Mwen kontan tande ke ou we ke TLC se opotinite Bondye voye pou ou ou an men ou dim ou pa gen kob kounya. Eskew panse wap gentan jwenn kob lan pouw ta komanse VANDREDI OUBYEN LOT MEKREDI, (ou fel chwazi, ou bal opsyon) Oubyen Eskew panse ou ou ap jwenn li le 15 oubyen le 30 poum ka metew nan lis moun kap lanse biznis yo e pran libete finansye yo pou mwa sa. Biw !! Ou bal opsyon ou fel chwazi. Egzanp 2 Madame Vanessa le arim vini map baw on repons. Biw!! Pa gen pwoblem ma cherie, mpa gen anpil tan anpil moun ap ekrim poum pale yo de biznis la ki donk mkwe nan ou e mvle edew lanse biznis paw la, EKRIW PITA VE 8H O VE 10H pouw dim sa mariw lan di? Biw !! ou bal opsyon poul chwazi, se ouk gen kontwol lan men li pa konn sa. Okay ma cherie pa gen pwoblem, mkonn se moun serye ou ye, map metew nan agenda biznis mwen a 8h an poum ka konn sal di, men mkonnen lap diwi paske pa gen moun mpale de biznis sa ki pa we se on benediksyon li ye pou yo. BIW!!

10

KIJAN POUM FEMEN ON DEAL?

PALE AK MOUN NAN SE YOUN FEMEN DEAL LA SE 2 Teknik nimewo 3 REBOUT Teknik sa gen a we a itilize sa moun nan diw ki negatif pou ou tounenl ba li an fom on kesyon pouw ka edel prandesizyon achte o enskri. EGZANP si moun nan diw AHH, Madame Vanessa, mpa kwe bagay TLC sa bay kob vre. Eske sim ta montrew ke TLC ka ba ou tan kob pa semen wap komanse kounya?( epi ou ka montrel chek ou o pale ak lide ou an poul montre moun sa chek li yo epi edew femen deal lan) Teknik nimero 4 AMARE Teknik sa gen a we pouw jwe nan tet pwospe an an ak de kesyon ou pral pozel poul pran desizyon enskri sanl pa rann li kont. ¿Pa vre?¿Ou pa kwe sa? ?¿Wí o no? Ou dwe TOUJOU POZEL KESYON POUL REPON POZITIF EGZANP: Pandan wap eksplikel biznis lan ou dil, Tlc pemet ou pou ou vinn ou lide. Mkonnenw ta renmen vinn on lide tou wi o no? lap reponn wi. TLC gen 5 fason li baw pouw fe lajan, mkonnenw se moun entelijan e ke ou pral vle fe tou le 5 fason yo KOU OU FINN ENSKRI JODI A LAn(ou jwe nan lespril pouw fel pansel gentan anndan biznis la) PA VRE? Kou ou finn direkte nasyonal sa la, 1500$ sa ou tou voye komanse bati on kay Haiti, nan mwens ke 6 mwa ou tap finil. 0U PA KWE SA?

11

KIJAN POUM FEMEN ON DEAL?

ISTWA LIDE @1000FANMILIB LAN

Non mwen se Vanessa Jn Baptiste A.. Mwen damou tout sa ki gen a we ak Business epi ak Marketing. Mwen etudye Jesyon nan BYU Idaho, USA. Mwen genyen plizye biznis fizik men a koz karanten nan sa te vinn fe leta femen Mall yo e konsa biznis mwen. Nan chache on bagay poum fe kob pandan nan konfinman ak telefon mwen, mwen vinn tonbe sou TLC ansanm ak fiyanse mwen Jerry. Nou fe bon kout rechech nou sou konpayi an epi kou nou te finn rasire nou ke se yon bagay legal e ki vreman rantab nou te fonse ladan li. Jodia, 3 mwa apre mgen plis ke 700 moun nan team nan ki nan plis ke 10 peyi, Mwen kreye platfom @1000fanmi lib finansyèman an epi mwen rive pran ran DIREKTRIS REJYONAL nan TLC. Se pa on travay ki fasil, men tou li pa enposib, li mande anpil pasyans, lanmou pou ede lot moun epi yon vizyon pou ou konnen kisa ou vle fe ak opotinite an. Anpil moun milyone nan 4 a 5 lane, nan TLC donk pukisa des e des ayisyen pa ka fe li tou. Mwen two kontan poun travay ak ou epi pou nou fe sikse ansanm. ¡Anpil lanmou! Swiv mwen sou IG @vanessajnb @1000fanmi
Gid pou ou fe sikse nan TLC pa Rejyonal nou Vanessa A.

Related documents

16 Pages • 2,360 Words • PDF • 3.9 MB

141 Pages • 51,562 Words • PDF • 394.8 KB

3 Pages • 835 Words • PDF • 173.2 KB

100 Pages • 19,635 Words • PDF • 1.5 MB

1 Pages • 84 Words • PDF • 279.9 KB

35 Pages • 2,401 Words • PDF • 626.3 KB

1 Pages • 249 Words • PDF • 54.4 KB

20 Pages • 140 Words • PDF • 2.1 MB

119 Pages • 20,631 Words • PDF • 2.9 MB

59 Pages • 33,076 Words • PDF • 402.8 KB

9 Pages • 2,944 Words • PDF • 82.5 KB